Egzamen evalyasyon yo konsidere kòm yon pati esansyèl nan pwogram iniversite yo. Edison State College ofri yon anviwònman de sekirite kote elèv yo kapab pran tès evalyasyon sa a nan tout trankilite.
Elèv ki genyen Angle kòm dezièm lang yo dwe pran yon egzamen de nivo ki rele EAP (English for Academic Purposes). Egzamen sa a ap ede w konnen nan ki nivo angle ou ka kòmanse anvan w tonbe nan klas regilye ki pi avanse yo nan Edison State College. Egzamen sa a ap analize nivo angle w sou pale, tande, gramè, lekti e ekriti.
Pou ka gen siksè akademik tout etidyan ki genyen Angle kòm dezièm lang yo dwe pran egzamen sa a, konsa sant akademik siksè a va ede w rive nan yon nivo siperiè.